Cèvolan | TiCorn | Sèvolan | Vintage | Haiti 1982
View: 0
Description
Haitian singer-songwriter TiCorn interpreting the title song of her album "Cèvolan" (Sèvolan). Open air festival Haiti | 1982 |. "My love is like a kite - up and down and out of sight ..."
Music & words by TiCorn (Cornelia Schütt) - Copyright: GEMA
(Creole lyrics read below)
Social media and contact TiCorn: info@ticorn.com
https://www.instagram.com/ticornmusic/
https://www.facebook.com/TiCornMusic
https://www.TiCorn.com
SÈVOLAN ( "Cèvolan" in old creole writing on the album)
Mwen s on sèvolan
Rale, tire, file monte
Mwen s’on sèvolan
Ki anvi vole
Lè zèl mwen gonfle van
W a tande vonvon m gwonde
Mwen s on sèvolan
Kap mande libète, libète
Mwen paka viv atè
Mwen fèt pou monte anlè , anlè, anlè
Kenbe m wi ou se mèt
Kenbe m mwen se youn jwèt
Ou konnen si w lage m
Tèt mwen vire pike pou m tonbe
Ou kanpe anba
Rale, tire, file fisèl
Ou kanpe anba
Pou m sa monte nan syèl
Lè m rive twò lwen
W a voye yon ti mesaj pou mwen
Konsa wa fè m konnen
Li lè pou mwen tounen
M anvi touche nyaj yo,
Me pinga w kite m bay piyay, piyay, piyay
Kenbe m wi ou se mèt
Kenbe m mwen se youn jwèt
Ou konnen si w lage m
Tèt mwen vire pike pou m tonbe