GREGORY TELFORT- Papa Nwèl Mwen Se Papam (Official Music Video)🎅��?�🎄
View: 0
Description
#GregoryTelfort #konkouchantenwèl2001 #haitianchristmas #telemax #merrychristmas
Yon Omaj Ak Tout Papa Ayisyen Ki Abitye Bat Dlo Pou Fè Bè.
Music Link:https://music.apple.com/us/album/r%C3%AAves-et-r%C3%A9alit%C3%A9s/493022040
https://www.facebook.com/pages/category/Musician-band/Gregory-Telfort-542885042459188/
https://www.instagram.com/gregorytelfort
Twitter: https://mobile.twitter.com/gregorytelfort
Mwen fèt nan raboto
Kot timoun pa gen chans pou viv
Lonbraj mwen se foto
Yon bak ki prale à la dérive
Lontan papa m ap pale m de ou
Vinn kraze lespwa m
Fè l tounen pousyè
Lavi mwen pa gen gou
Lan de mil la
Vinn jwenn pye m atè
Papa nwèl mwen
Se papa m
Paske chak jou m leve
Se li sèlman ki toujou pran ka m
Nan bouske lavi pou l banm manje
Papa nwèl mwen se papa m
Ou di w′ap pot kado
Pou timoun ki travay lekòl
Men depi m piti lekòl ban m do
Se monte nan mòn keyi korosòl
Chante kolora nan bafon
Kote m pase tout rès jounen m
Douvan mizè lavi m anvi mawon
M mande anraje pou m kase chenn
Papa nwèl mwen
Se papa m
Paske chak jou m leve
Se li sèlman ki toujou pran ka m
Nan bouske lavi pou l ban m manje
Papa nwèl mwen se papa m
Ou di djakout ou byen chaje
Pou timoun ki konn dekore kay
Men ti ajoupa m nan finn demanbre
Siklòn pase l pa kite yon branch pay
Wi m ta vle gen yon bèl abdenwèl
Lavi a bay papa m move pataswèl
Granmesi l mwen jwenn yon popetwèl
Ki fè m konnen gou kado nwèl
Papa nwèl mwen
Se papa m
Chak jou li nan laviwondede
Manche gòl keyi 2-3 lam
Pou l fè branch trip mwen demare
Papa nwèl mwen se papa m
Papa nwèl mwen
Se papa m
Paske chak jou m
Writer(s): Gregory Telfort