To continue watching the program, please

Konekte

Kon’n Saw Vo - by Zenglen

View: 0
Description
Lyrics Lavi se yon mistè Pyès moun paka lil kòm vèsè Pafwa nesesite Ka fèw antre nenpòt kote Konpetans ou telman wo nivo Yo betizew pou pa konn saw vo Yo pasew anba pye Pou pa janmen pèse Bondye bay talan Ak entèlijans Olye pou y'ankourajew Yo pito chèche barew Douvan yo saw fè pa bon Dèyè dow yap fè louwanj ou Sa ki pi mal pasew Se yo kap iwonizew Lilè li tan poun ankouraje Sila kap fè jefò san prejije Tout moun gen'w kote yo kòmanse Gen'w kotew rive se chwa Bondye Sa poum fè pou yo Map fè sa mwen konn fè Si yo pa bay respè Zafè a yo Wooo! se les hommes Sa pouw fè pou yo Sa poum fè pou yo Depiw toujou fè saw dwe fè Lanati va souri ba ou Ou menm kap vini Sa pouw fè pou yo Pa okipe yo W pa gen pou pè malgre konplo W'dwe toujou fyè e konn saw vo Sa poum fè pou yo Map fè sa mwen konn fè Si yo pa bay respè Zafè a yo Ayayayayay Sa pouw fè pou yo Sa poum fè pou yo Toujou rete positif Yon pòt fèmen yon lòt pral ouvri Ou menm kap vini Sa pouw fè pou yo Pa okipe yo non W'pa gen pou pè malgre konplo W'dwe toujou fyè e konn saw vo Bondye bay talan Ak entèlijans Olye pou y'ankourajew Yo pito chèche barew

Recommended videos

Kòmantè (0 comment)

Copyright © 2024 TVPAW