To continue watching the program, please

Konekte

Skandal - Lakou Lakay (album complet, 1999) | M swete nou yon ekselan weekend!

View: 0
Description
1. Pa fache pou lanmou 2. Telefòne m 3. Gitano 4. Yon lanmou 5. Love forever 6. Si ou wè l 7. Shamboee 8. Move deal 9. Si l bon di l bon 10. Pretty woman 11. Lakou lakay Gwoup sa te trè popilè an ane '80 yo. Se Patrick Handal, Patrick Brun ak John Doane ki te fòme Skandal nan Miami, Florida, an 1987. Gwoup la pran nesans anndan apatman Patrick Brun. An 1988 Skandal soti premye single li "Retounen" e, menm ane a, yo soti premye album yo, Nouvelle Génération. Se yon album a siksè; li te fè anpil bri an Ayiti ak Ewòp, sitou nan peyi Lafrans. Skandal se yon gwoup ki jwe yon konpa ak yo enfliyans etranjè. Se yon melanj rock 'n' roll, Jazz, zouk, rasin ak konpa Patrick Brun te jwe wòl chantè, konpozitè e gitaris tou Patrick Handal te jwe wòl chantè John Doane te jwe wòl klavyeris, chantè ak konpozitè tou. Album "Lakou Lakay" se yon trè bèl album ki te sedwi tout melomàn. Mwen envite nou dekouvri ou redekouvri l nan 509 Mizik City.

Recommended videos

Kòmantè (0 comment)

Copyright © 2024 TVPAW